AFYS Logo AFYS Vin Patnè
AFYS • Patenarya • Envestisman • Kolaborasyon

Vin Patnè oswa Envestisè nan AFYS

AFYS se yon ekosistèm ki rasanble plizyè sèvis ansanm sou yon sèl platfòm. Nou ap chèche moun, òganizasyon, ak biznis ki vle kolabore, sipòte, oswa envesti nan vizyon sa a pou nou grandi ansanm.

Nou louvri pou:

  • Patnè estratejik
  • Envestisè
  • Kolaboratè biznis
  • Patnè teknik
  • Founisè sèvis
  • Sipòtè kominotè

Poukisa AFYS?

AFYS vle di Ann Fè Yon Sèl. Objektif la se mete plizyè sèvis, opòtinite, ak solisyon anba yon sèl vizyon pou ede kominote a ak patnè yo jwenn plis valè, plis koneksyon, ak plis devlopman.

🤝

Vizyon Inyon

Nou kwè nan kolaborasyon, solidarite, ak devlopman ansanm olye de avanse poukont nou.

🚀

Plizyè Branch

AFYS deja ap rasanble transpò, sèvis, finans, taks, gift box, ak lòt aktivite sou yon sèl platfòm.

🌍

Potansyèl Kwasans

Chak branch ka grandi pa li, pandan tout sistèm nan ap vin pi solid kòm yon ekosistèm.

Opòtinite pa branch

Men kèk nan branch AFYS yo kote nou ka akeyi patnè, envestisè, oswa kolaboratè.

WOULE Abònman

Sèvis transpò sou abònman pou kliyan ki bezwen solisyon regilye pou ale travay, lekòl, oswa lòt deplasman.

Patnè transpò Machin Kliyan antrepriz Sipò operasyon

WOULE Fleet

Branch sa a konekte chofè ak pwopriyetè machin, epi li ka louvri pòt pou modèl patenarya fleksib.

Pwopriyetè machin Patnè fleet Chofè Kwasans rezo

WOULE Care

Sèvis mekanik ak antretyen pou ede chofè, pwopriyetè machin, ak kliyan jwenn sipò pi fasil.

Mekanisyen Garage Patnè sèvis Ekipman

AFYS Professional Tax Services LLC

Sèvis taks pwofesyonèl pou kominote a, self-employed, ak pwopriyetè biznis.

Patnè kliyan Referral Business support Community outreach

KÒDEPAY

Yon branch ki ka ede ak peman, kontribisyon, ak lòt solisyon finansye kominotè.

Finans Patenarya teknik Sipò kapital Kolaborasyon

Gessift Box

Gift box pou okazyon espesyal, selebrasyon, ak sipriz. Branch sa a gen potansyèl pou kwasans nan kado ak livrezon.

Gift suppliers Delivery partners Event partners Orders growth

Ki kalite patnè nou ap chèche?

AFYS ouvè pou plis pase lajan sèlman. Nou enterese nan moun ak òganizasyon ki ka pote valè reyèl.

Patnè biznis

Moun oswa konpayi ki ka ede ak kliyan, operasyon, distribisyon, oswa sèvis.

Envestisè

Moun ki vle sipòte kwasans yon branch oswa ekosistèm AFYS la ak kapital oswa resous.

Patnè teknik

Devlopè, espesyalis teknoloji, oswa moun ki ka ede ak automatisation, sistèm, ak zouti dijital.

Kolaboratè kominotè

Lidè kominotè, òganizasyon, oswa moun ki ka ede ak vizibilite, relasyon, ak kwasans lokal.

Fòm enterè patenarya

Ranpli fòm sa a si ou enterese nan vin patnè, envestisè, oswa kolaboratè pou AFYS oswa youn nan branch li yo.

Mèsi paske ou enterese nan AFYS. Nou pral revize enfòmasyon ou yo epi kontakte ou selon branch ak kalite enterè ou chwazi a.